![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
|||||||
Konsèy sou Lasante Mantal bay sipò lè ou pi bezwen sipò a. Pwosede pou aprann enfòmasyon sou HIV/SIDA a ak fason pou kontwole treman HIV/SIDA a kapab bwouye moun epi li kapab bay yon pwoblèm emosyonèl. Pwogram tretman pou lasante mantal pou granmoun nan se yon pwogran ki rantre kareman nan sèvis medikal Sant Ryan nan bay moun kap viv ak HIV/SIDA yo. Travayè Sosyal nan Pwogram Lasante Mantal nan Ryan nan yo sètifye. Yo bay konsèy ki pa gen danje ladan yo, yo kenbe enfòmasyon ansekrè, epi yo bay moun ki gen HIV/SIDA konsèy pou ba yo sipò, epi yo fè terapi mental pou moun ki gen HIV/SIDA. Yon moun kap fè fas ak HIV/SIDA gen anpil tèt chaje, menm si moun nan pat janm te konn resevwa tretman pou lasante mantal anvan sa, oubyen menm si se yon moun ki pran ni dwòg ni alkòl, epi dosye maladi moun nan fè konnen moun nan te sispann pran dwòg oswa alkòl la epi moun nan te vin rekòmanse ap pran dwòg ak alkòl ankò, oswa menm si moun nan te gen yon pwoblèm maladi mantal ki te egziste deja epi lè yo dekouvri moun nan gen HIV a sa fè pwoblèm maladi mantal la vin pi grav. Tout moun kap viv ak HIV/SIDA epi ki bezwen konsèy pou maladi mantal patisipe devlòpman pwòp plan pa yo pou sèvis lasante mantal la. Yo travay ansanm ak Espesyalis kap Administre Ka maladi a ak Espesyalis ki travay nan Sèvis pou Montre Kouman pou Redwi Danje nan Depatman Sèvis HIV nan Ryan nan pou yo ka devlope plan sa a. Pou ou jwenn plis enfòmasyon sou Sèvis Lasante Mantal nan Sant Ryan nan, tanpri rele: 212/769-7229. Lè nap fè Sèvis Lasante Mantal pou Granmoun, nou:
|
|||||||
| yon timo sou website sa a | |||||||