![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
![]() |
|||||||
Nou byen kontan wè ou nan Sèvis HIV/SIDA nan Ryan Center. Depi epidemi SIDA a kòmanse a, Sant Ryan nan te toujou alatèt pou li bay moun kap viv ak HIV/SIDA tretman yo bezwen pou maladi a, li bay tretman ki abòdab, tretman ki fè efè. Li respekte kilti malad lap bay tretman an, epi li bay tretman an ansekrè san li pa jije malad la, kèlkeswa posiblite malad la genyen pou li peye a. Moun ki manm nan ekip Sèvis HIV yo ap tande sa ou bezwen yo jiskalafen, epi yap fè posib yo pou ou resevwa pi bon swen pèsonèl ki genyen an. Anplwaye Ryan yo konprann pou yo trete sentòm fizik mikwòb la byen, nou fèt pou nou chèche konnen tout sa ou bezwen, epi nou espere redwi tèt chaje ou genyen nan lòt aspè nan lavi ou. Pwogram Tretman nan Klinik HIV nan Ryan nan respekte kilti malad la lè yap fè tretman. Yo bay treman nan de lang pou moun kap viv ak HIV, epi yo pwomèt pou yo bay malad yo chwa tretman ki pi ajou epi ki pi resan ki genyen an. Kowòdonatè Tretman nan Klinik HIV a rankontre ak chak nouvo malad pou li reponn kesyon yo genyen sou HIV ak sou tretman yo, epi pou li fè aranjman pou premye randevou ak yon doktè pèsonèl. Pou malad ki deja la deja yo, Kowòdonatè Tretman nan Klinik HIV a toujou kite pòt li ouvri pou li reponn nenpòt kesyon yo genyen oswa pou li pale de nenpòt pwoblèm ki gen rapò ak tretman malad la. Pwogram Sèvis HIV nan Ryan nan òganize li pou li adrese tout seri pwoblèm moun kap viv ak HIV/SIDA ap konfwonte yo Pwogram nan Sant Ryan nan gen sèt pwogram diferan ladan li:
Pwomès Ryan fè pou li bay bon jan kalite tretman an parèt nan New York State AIDS Institute la. Paske New York State AIDS la bay tretman Ryan yo yon pi gwo mwayèn pase State Designated AIDS Centers (Sant Eta a Chwazi Kòm Sante SIDA yo) |
|||||||
| yon timo sou website sa a | |||||||